Skip to main content
Nou mande yon bon ankèt sou lajan Petro Caribe yo

Nou mande yon bon ankèt sou lajan Petro Caribe yo

215 signatures 35 to reach 250
Y
Yvon G. signed
L
Louis f. signed
E
Eliscar D. signed
J
Jean E. signed
R
Rodolphe B. signed
C
Cherline signed
R
Roland D. signed
S
Someone signed
S
Someone signed
S
Someone signed
HL
Started by Henri-Christian Louis 7 years, 11 months ago

Nou pa bezewn peye pou siyen petisyon an, sit entènèt la ka mande nou kòb, men nou pa bezwen okipe nou de sa.

Nou mande tout Ayisyen alaronbadè siyen petisyon sa a, pou konvenk Prezidan Jovenel Moise louvri yon ankèt tout bon, pou bay pèp la enfòmasyon nan bon ti mamit, sou ki kote lajan Petro Karibe a pase.

Tanpri, siyen Petisyon sa a, epi pa kenbe'l pou w. Voye'l sou Whatsapp bay fanmi w ak zanmi w ki Ayiti osinon nan Diaspora a. Dat ki va 15 novanm 2018 la, ap dènye jou ke moun ap ka siyen Petisyon an, apre sa lap two ta.

Nou bezwen 1 milyon siyati pou pi piti. Chak moun ki siyen ap bay mouvman an plis fòs, e ap bay Prezidan Jovenel Moise prèv ke sosyete sivil la bezwen limiyè sou lajan Petro Caribe a, ak presyon pou'l louvri ankèt la san pèdi tan. Men non 4 pi gwo biwo entènasyonal ki bay bon rézilta nan ankèt sou zafè lajan : KPMG, Deloitte, Ernst & Young (EY), RGL Forensics and PwC

Pou listwa, pou la posterite, pou pitit ak pitit pitit moun non yo ap site nan gatotay lajan Petro Caribe a, se dewa leta pou pote limiyè sou kesiyon an, pou bay moun non yo ap site yo, okazyon pou yo defann tèt yo tou, e menm retounen tou lajan an, osinon yon pati nan lajan an bay leta osinon bay sosyete sivil la.

Mèsi anpil, ke w te pran tan pou siyen petisyon sa a, kom bon sitwayen konsekan. Sonje voye'l sou Whatsapp bay fanmi w ak zanmi w ki Ayiti osinon nan Diaspora a. Ke Bondye beni w, ke Bondye beni tout Ayisyen, ke Bondye beni Ayiti.

Updates

August 14, 2018

Mwen kontinye resevwa anpil mesaj ki montre grangou pèp la genyen pou jwenn verite sou kòb Petro Karibe a. Pase pran lyen sa a sou WhatsApp epi voye li bay omwen twa moun nan fanmi w koulye a. Nou dwe kenbe presyon an sou otorite yo jiskaske yo bay kont sou sa k pase ak lajan an.

August 14, 2018

Nou rive nan yon etap enpòtan e momantòm sa montre pouvwa nou lè nou ini. Kounye a voye lyen an bay twa zanmi sou Whatsapp epi mande yo pou yo siyen tou. Nou bezwen kenbe presyon an fò pou jwenn limyè sou lajan Petro Karibe a.

Reached 100 supporters

August 14, 2018

117 Comments

A
Anonymous
7 years ago Featured

Dosye petwokaribe a pap pase konsa. Nou konnen Jovenel Moïse, PHTK ak alye li yo Bouclier, KID ak A.A.A enplike nan dosye a, se pou sa y ap fè tout mannèv pou bloke l. Se pou dosye a mache, yon fason lè yo pa sou pouvwa pou lajis arete yo, jije yo, kondane yo, mete yo nan prizon epi sezi tout byen yo.

A
Anonymous
7 years ago Featured

Fok kob saa vin pemet plis irigation sitou 3 riviè nan Nord-ouest, plis production plis rout et kob saa dwe investi kote kob la ka fe pitit rapid pou retire pep la nan ignorans tout kalite saa.

D
Danise FRANCE EMILE
7 years ago Featured

Mwen pat manje pwa, mwen pap bay la pire! Kote lajan petrocaribe a? Nou mande yon pwosè ekitab, tout koupab dwe kondane épi remèt peyi a kob la. Menm si gen nan yo ki deja mouri, yo ka toujou jije yo épi pitit ak fanmi yo ap remèt peyi a lajan yo vòlò yo!

C
CJ Lou
7 years ago Featured

Haiti is now listed as the poorest country in the world. I think it’s high time to do some rethinking about how we do business down there. Please bring to justice those who stole Petrocaribe funds.

R
Ralph Ganthier
7 years ago Featured

Li lè li tan pou enpinite a kaba pou lajistis triyonfe pou nou rive bati yon sosyete jis, san fòs kote, kote tout pitit tè Dayiti a gen menm chans ak menm dwa. Se konsa sèlman nap ka konstwi on peyi nou ka fyè kite pou pitit nou ak pitit pitit nou.

J
Jacques Petuel Italus
7 years ago Featured

L'argent petro caribe est un argent qui est là pour faire le developpement du pays. Il n'est pas normal pour qu'un petit groupe prennent cet arget pour regler son propre affaire. Il faut que la justice haītienne fait la lumière dans ke dossier.

L
Louis frantz
7 years ago

Je suis d'accord pour un procès du Petrocaribe

E
Eliscar Donald
7 years ago

Se yon dwa,e yon devwa poum mande kisa mesye yo fè ak kob Petro Caribe a

Help this petition grow

Share it with friends to help reach 250 signatures.

Sign Petition

We never post to your account. Social sign-in is used only to verify your signature.

or sign with Email

Add a comment?

Your signature will be added via . Tell others why you're signing — it's optional.

By signing, you accept iPetitions Terms of Service and Privacy Policy.

Share Petition

Don't stop at signing, share the petition link with friends to multiply our impact

Copy link or share directly

Instagram
QR Code