Nou ekri petsyon sa a pou yon koz ke nou kwè ou dwe pran oserye avek anpil atansyon. Bi petisyon sa a se pou ede konpatriyòt ayisyen yo genyen bon jan enfomasyon nan transparans sou (FNE) Fon Nasyonel Edikasyon an, ke konpayi nou pral site la yo ap kolekte lajan depi 2011, Western Union, Uni Transfer ak CAM Transfer.
Tout swit aprè Michel Martelly te fin esntale kom prezidan, li te pran desizyon pou konpayi transfè sa yo kolekte $1.50 sou chak transfe ayisyen nan dyaspora a ap voye an Ayiti, pou ede plis timoun ale lekol. Ofisyelman, pwogram (FNE) Fon Nasyonal Edikasyon an, te lanse 26 Me, 2011, se te yon pwojè pou voye yon milyon 500 mil timoun ki pot ko janm al lekol, pou yo ale lekol anvan fen manda Martelly a. Malgre palman an pat vote yon lwa pou otorize kalte initsyativ sa a, konpayi transfè tankou Western Union, Uni Transfer ak CAM Transfer te komanse kolekte $1,50 yo pou gouvènman an depi 2011, san okenn transparans. Ayisyen nan dyaspora a, se moun ki travay di anpil, ki fè tout kalte djob pou ede sipòte fanmi yo ak zanmi yo an Ayiti. Nou menm ayisyen nan dyaspora a, nou bezwen konnen konbyen lajan ki kolekte e konbyen timoun ki ale lekol an Ayiti akoz de $1.50 nou yo.
Nelson Mandela te di yon fwa, "Edikasyon se zam ki pi pwisan ki ka chanje lemond". Konsa, edikasyon se zouti ki ka kwape povrete. Aksè ak edikasyon pa yon privilèj, se pito yon dwa fondamantal. Poutan, an Ayiti, edikasyon se privilèj pou majorite timoun ayisyen. Tankou Bank Mondyal te di nan yon etid li te fe, 50% timoun an Ayiti pa ale lekol. Selon CIA, gen ant 61% a 64% gason ki konn li kont 57% fanm ki konn li. UNICEF jwenn ke 30% timoun ki ale lekol, pap menm rive nan elemante 1, e lòt 60% kap kite lekol anvan yo rive nan sètifika. Kom ayisyen ki renmen peyi nou, se yon bagay ki endiye n, lèn konnen ke se 29% Ayisyen selman, nan laj 25 lane osinon pi gran ki rive nan klas segondè.
Bon jan edikasyon pa selman ede moun vanse, men li ede moun kenbe diyite yo. Bon jan edikasyon san fòs kote, se toujou yon gwo defi pou leta ayisyen.
Jounen jodi a, nou menm ayisyen, nou dwe kole zepol pou kokenn chenn koz sa a. Anseyan ak pwofesè ayisyen yo ap mande leta ayisyen pou ogmante salè yo epi ba yo bon jan kondisyon travay depi lè gouvenman ayisyen an te kòmanse kolekte $1.50 yo nan men ayisyen kap viv lòt bo dlo yo. Jouk jounen jodi a, anyen pa janm fet pou satisfè revandikasyon anseyan ak pwofesè yo. Kom rezilta, elèv nan lekol primè ak nan lise yo pran lari tout lajounen, kite klas yo pou manifeste, paske yo pa ka jwenn anseyan ki pou fè kou pou yo.Yon solisyon dwe jwenn prese, prese, pou elèv yo ka retounen nan klas yo. Anpil manifestasyon fèt deja ni andedan peyi a ni nan dyaspora a nan tan ki sot pase yo pou mande regleman sou fon edikasyon an. Malgre nou menm kap viv nan dyaspora a, fe tout sa n kapab poun ede frè n ak sè nou yo ale lekol, men sitiyasyon sou zafè lekol an Ayiti, toujou rete yon bagay ki malouk anpil.
Tanpri, mete vwa w nan koz nòb sa a, paske pèp ayisyen an merite jwenn yon rapò transparan sou valèe lajan Western Union, Uni Transfer ak CAM Transfer deja kolekte pou (FNE) Fon Nasyonal Edikasyon depi 2011 pou rive jounen jodi a. N ap raple w, ansyen prezidan Martelly te nan tet pouvwa a soti me 2011 pou rive fevriye 2016. Prezidan pwovizwa, Jocelerme Privert te kenbe pouvwa a de fevriye 2016 a fevriye 2017. Jovenel Moise ki prezidan kounye a, te prete seman fevriye 2017. Yo tout patisipe nan kolekte $1.50 yo pou zafè edikasyon an, ki pa rive bay rezilta pozitif.
Nou konte sou ou pou siyen petisyon an. Tanpri, pran yon ti tan pou siyen l prese, prese.
Mesi anpil paske w pran aksyon pozitiv sa jounen jodi a pou limyè ka fet sou $1.50 nou yo!
Kodyalma,
Updates
August 26, 2018
Mwen kontinye ap li tout istwa nou yo sou fason kòb transfè sa a ap peze sou fanmi an Ayiti ki konte sou nou. Nou bezwen konnen egzakteman ki kote lajan sa a ale depi 2011 epi n ap kontinye mande responsab yo pou yo montre nou sa yo fè ak efò nou.
August 26, 2018
Mwen santi yon gwo bouje ki montre konbyen nan nou ki bouke ak kesyon sa a ki rete san repons pandan tout tan sa a. Chak moun ki bay sipò yo montre ke nou pap kite lajan nou gaspiye pandan pitit nou yo ap soufri san lekòl jan sa te pwomèt la.
Reached 100 supporters
August 26, 2018
84 Comments
Mwen antre nan kanpay kap chèche konnen ki kote $1.5 sa yap pran sou nou nan diaspora pase paske 2011 gouvenman ayisyen ap kolekte yon 1.5 sou chak transfer ki fèt nan diaspora jiska prezan pagen bon lekol pagen enfrastrikti se pi mal peyi a ap vin pi mal .
Kote $1.50 mwen mwen yo fè , m pa wè lekol gratis m pa wè anyen menm . Yo sipoze rembourser tout moun kòb yo . Moun yo la record yo la remèt moun yo kòb yo
Je veux que la justice fasse son travail tout en faisant suivi a les demande de clarté de la justification des $ 1,50 par chaque transfert;dont qui ont été chargé ilegalement pour bouster l education haitienne sans doute qui n a pas ete fait comme on nous avait promis.
Nou bezwen bonjan limyè sou 1,5 sa paske malgre fond an pa sispann kolekte gen plis timoun ki nan lari ah ap siye machine toujou ke ane presedant yo. Nou bezwen ti moso lediksyon pou n vin moun nou pa ka aksepte yap fe yon ti pep sa.
Mwen ap redi di nan Chile , chak lèm voye kòb yo pran 1.5 dola sou li, yo te di se pou peye lekòl, anvanm kite Ayiti Mwen te ap Travay nan lekol nasyonal, yo dwe’m 2 zan yo pa janm peyem li, Kisa yo fè ak kòb sa?
Martelly A.K.A tisimone dwe pran prizon pou détournement de fond.
Dyaspora pa manman bèf #KotDola50DyasporaA? #KotLajanApelDyasporaA?
Sign Petition
We never post to your account. Social sign-in is used only to verify your signature.
Add a comment?
Your signature will be added via . Tell others why you're signing — it's optional.
By signing, you accept iPetitions Terms of Service and Privacy Policy.
Share Petition
Don't stop at signing, share the petition link with friends to multiply our impact
Copy link or share directly

Pou yo pa janm bay bilan konbyen yo ramase e kisa yo fe ave l Sa se koripsyon tou se yon kob kap blanchi li.le pou yo bay limye sou li

Help this petition grow
Share it with friends to help reach 250 signatures.
Sign Petition
We never post to your account. Social sign-in is used only to verify your signature.
Add a comment?
Your signature will be added via .
Tell others why you're signing — it's optional.
Signing with Google or Facebook verifies your signature instantly — no email needed.
By signing, you accept iPetitions Terms of Service and Privacy Policy.
Share Petition
Don't stop at signing, share the petition link with friends to multiply our impact
Petitions like this
Other petitions you might want to support
Make your voice count today!
Scan to share
Anyone who scans this can sign the petition.