Henri-Christian Louis 0

Nou mande yon bon ankèt sou lajan Petro Caribe yo

215 people have signed this petition. Add your name now!
Henri-Christian Louis 0 Comments
215 people have signed. Add your voice!
22%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

Nou pa bezewn peye pou siyen petisyon an, sit entènèt la ka mande nou kòb, men nou pa bezwen okipe nou de sa.

Nou mande tout Ayisyen alaronbadè siyen petisyon sa a, pou konvenk Prezidan Jovenel Moise louvri yon ankèt tout bon, pou bay pèp la enfòmasyon nan bon ti mamit, sou ki kote lajan Petro Karibe a pase.

Tanpri, siyen Petisyon sa a, epi pa kenbe'l pou w. Voye'l sou Whatsapp bay fanmi w ak zanmi w ki Ayiti osinon nan Diaspora a. Dat ki va 15 novanm 2018 la, ap dènye jou ke moun ap ka siyen Petisyon an, apre sa lap two ta.

Nou bezwen 1 milyon siyati pou pi piti. Chak moun ki siyen ap bay mouvman an plis fòs, e ap bay Prezidan Jovenel Moise prèv ke sosyete sivil la bezwen limiyè sou lajan Petro Caribe a, ak presyon pou'l louvri ankèt la san pèdi tan. Men non 4 pi gwo biwo entènasyonal ki bay bon rézilta nan ankèt sou zafè lajan : KPMG, Deloitte, Ernst & Young (EY), RGL Forensics and PwC

Pou listwa, pou la posterite, pou pitit ak pitit pitit moun non yo ap site nan gatotay lajan Petro Caribe a, se dewa leta pou pote limiyè sou kesiyon an, pou bay moun non yo ap site yo, okazyon pou yo defann tèt yo tou, e menm retounen tou lajan an, osinon yon pati nan lajan an bay leta osinon bay sosyete sivil la.

Mèsi anpil, ke w te pran tan pou siyen petisyon sa a, kom bon sitwayen konsekan. Sonje voye'l sou Whatsapp bay fanmi w ak zanmi w ki Ayiti osinon nan Diaspora a. Ke Bondye beni w, ke Bondye beni tout Ayisyen, ke Bondye beni Ayiti.

Share for Success

Comment

215

Signatures