J. D. 0

7 FEVRIYE - POLITISYEN AYITI ATANSYON

17 people have signed this petition. Add your name now!
17 people have signed. Add your voice!
2%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

Nou menm Ayisyen kap viv nan diaspora, nou ap mete tout politisyen nan opozisyon ki publikman anonse entasyon yo pou al fè zak violans pou rive nan fen politik yo. Nou trouve komporteman sa yo inakseptab an 2021. Zafè itilize wout violans pou rive nan pouvwa se yon konporteman ke le mond vire do ba li. Si mesye opozisyon sa yo vle rive o pouvwa e si yo gen program spesifik ke yo vle enplemante, nou envite yo pran chemen eleksyon pou yo ka resevwa yon manda nan men pep la.

An antandan, nou menm nan diaspora a, nou tande deklarasyon mesye sa yo avek anpil enkyetid e etan done nou gen fanmi nou nan peyi a. Nap adrese yon avètisman ak tout politisyen sa yo kap kabure sou violans ak san koule. Nap di nou ke nou menm nan diaspora a ap fè an sot ke tout moun ki responsab violans nan peyi a peye pri la jistis keseswa o nivo entènasyonal ke nasyonal. Nou pap kite nou fini fè violans, koze lanmo anpil inosan epi pou nou mache lib aprè. Nou menm nan diaspora a, nou gen demach pa nou pou nou fè o nivo entènasyonal pou ke tout moun kap preche violans e fè viktim inosan fè fas ak responsabilite yo devan la jistis.

Mèsi,

Silvouplè siyen petisyon sa a pou voye yon mesaj klèr ak tout politisyen ki gen move entansyon.

Share for Success

Comment

17

Signatures