Jean Saint-Vil 0

Fòse Lafrans Remèt Ayiti Ranson 1825 lan

73 people have signed this petition. Add your name now!
Jean Saint-Vil 0 Comments
73 people have signed. Add your voice!
8%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

Petisyon saa mande pou leta peyi Lafrans remèt lajan li te pran nan men Ayiti ak fòs zam, apati ane 1825 lan. Lajan sa a, ki te chanje men nan move kondisyon (zak zenglendo Charles X lan), ta vo 22 milya dola meriken nan ane 2003.

Demann restitisyon saa se yon premye jès konkrè anfavè lajistis ekononomik epi respè pou grandèt majè peyi d Ayiti ak eritaj revolisyonè pèp Ayisyen an.


VERSION FRANÇAISE: http://www.ipetitions.com/petition/restitutionpour...


ENGLISH VERSION: http://www.ipetitions.com/petition/restitution4hai...


REFERANS:

DEKLARASYON ENDEPANDANS REPIBLIK D AYITI (JANVYE 1804)


«Gade kijan bann sovaj sa yo, yo bay pou Franse yo, kite tras mechanste yo toupatou nan peyi nou an. Lwa nou yo, jan nou ap viv, vil nou yo, toupatou kote ou pase ou wè mak dwèt Franse yo...Nou menm rive gen blan Franse nan peyi a toujou, epi ou kwè ou endepandan». Dessalines, 1 janvye 1804


KONSTITISYON AYITI (1805)

Atik 1: Moun ki ap viv sou zile yo te konn rele St.Domeng lan, dezòmè antann yo pou yo fòme yon peyi, ki va pote non "Wayom d Ayiti", ki granmoun tèt li, epi endepandan de tout lòt pouvwa ki nan linivè.

Atik 2: Bagay yo rele lesklavaj lan kaba atoujamè."


ZAK ZENGLENDO CHARLES X LAN (AVRIL 1825)

Atik 2 : « Moun k ap viv kounye a nan Sendomeng vin mete 150 milyon fran lò nan Caisse fédérale des dépots et consignations de France (Kòfrefò Lafrans). Yo va koumanse fè sa pou pita 31 desanm 1825, ak 5 depo anyèl egalego ki pral sèvi pou dedomaje ansyen kolon ki va mande dedomajman yo »


DOUZ AGIMAN ANFAVÈ RESTISYON AN

« sa se yon ranson ki te ilegal iltimatòm sa a te makonnen ak menas klè pou Lafrans itlize fòs zam pou li mete chenn nan pye pèp Ayisyen yon lòt fwa ankò . Poutan, nan moman sa a, Lafrans te deja siyen yon akò (Traité de Vienne, 1815) ki, se vre li pat mande aboli lesklavaj kote li te deja egziste men akò sa a te di yo pa gen dwa ni mete lesklavaj sou moun kote yo pot ko ap pratike sa, ni retounen ak lesklavaj kote yo te deja kwape sa, tankou nan peyi d Ayiti. Kidonk, menas ki fèt anvan negosiyasyon yo se kichòy ki te ilegal nètalkole.».


POUKISA LAFRANS DWE REMÈT AYITI RANSON CHARLES X LAN

« se ak fòs gwo ponyèt epi sou kouvèti yon dokiman ofisyèl Leta Franse, yo te fè Ayiti peye lajan an ». Depi 3 jiyè 1825, yon bato lagè yo te rele «La Circée», ki te genyen 44 kanon abò li t ap fè laviwonn lavil Pòtoprens. Nan moman prezidan Boyer t ap siyen ranson zenglendo sa a, jou 11 jiyè 1825 la, Lafrans te gen 14 bato lagè ak 500 kanno abò yo, nan rad Pòtoprens. 1853: BARE VÒLÈ !

Nan ane 1852 Lanperè Faustin Soulouque te deside sispann peye Lafrans kòb lan. Yon ane pita, nan ane 1853, yon amiral franse ki te rele Duquesne menase pou li bonbade lavil Pòtoprens si Ayiti pa rekoumanse peye ranson an.

Mas 1877: Bato lagè blan franse chaje ak kanon vin panike Ayiti yon lòt fwa ankò. Pretèks: fòk Ayiti rekoumanse peye ranson Charle X lan; alèkile yo estime se 20 milyon Francs-lò Ayiti rete pou li peye »


KOUMAN LAFRANS TE FÈ KALKIL RANSON 1825 LAN?

Blan yo te chita ladapdap yo sou tout richès peyi a (ni sa peyi a te genyen tout bon, ni sa ki te nan imajinasyon kolon yo). Se konsa, yo te gade chif ekspòtasyon ane 1823 yo, bri kouri osijè « ja lajan » Wa Christophe te swadizan kite nan nò peyi a, min lò ki te nan zòn Sibawo a, epi yo estime nèg peyi d Ayiti dwe pote 150 milyon Fran-lò nan kòfrefò yo.

JOUK KI DAT EPI KOUMAN LETA AYISYEN TE PEYE RANSON AN ?

1 me 1826 Boyer parèt ak yon Code Rural ki tabli kantite rekòlt minimòm pou chak kiltivatè pwodui dekwa pou Ayiti peye dèt zenglendo 150 milyon fran lò a. Apre anpil mannèv, nan ane 1883 Ayiti te reyisi fin peye ranson zenglendo Charles X lan. Men, ponya li te sètoblije pran nan men patikilye ak bank etranje pou li te ka peye blan franse yo te kontinye pandye anwo tèt nasyon antankou yon michan nepe damoklès, jouk rive nan ane 1947.


YON BANN BLAN FRANSE, ALMAN AK MERIKEN VIN RICH GRANMESI «DÈT AYITI »

«Nan mwa septanm 1825 te gen lèt ale vini ant yon blan biznismann ki te rele Nicolas M. Kane, epi Sekretèdeta Balthazar Inginac. Mesye yo diskite osijè premye bank ki pral kanpe Ayiti, yon pwopozisyon George Clark te fè nan non yon konpayi alman Hermann Hendrick. Yon bank sipoze rann bagay yo pi fasil pou mobilize tout kalite resous ki nesesè pou peye gwo kòb Ayiti gen pou peye peyi Lafrans lan. Bank ki te rele BNRH lan kontinye opere jouk nan ane 1934, sou lobidyans blan Meriken ak Ayisyen. Nan ane 1947, li tounen yon bank 100% Ayisyen ki responsab tout sèvis finansye Leta».


KOUMAN EPI KILÈS LAFRANS TE BAY RANSON AN ?

Gen blan franse ki te jwenn, genyen ki pa t jwenn. Men, se nan non ni sa ki te jwenn, ni sa ki pa t jwenn Leta peyi Lafrans te ranmase lajan an. Natirèlman, lafanmi Beauharnais, ki se fanmi Pauline Bonaparte, te jwenn.


Sponsor

Haitian Lawyers Leadership ap travay pou pwoteje dwa sitwayen ak dwa kiltirèl tout Ayisyen. Depi 1990, pèp Ayisyen ap goumen pou pete chenn 3 may: depandans, dèt, ak dominasyon sou lobidyans zòt, blan Ewo-ameriken ap itilize pou antòtye li depi 2 syèk. Odepa, lelit ekonomik peyi d Ayiti te itilize yon zouti ki te rele Code Rural pou yo ranmase lajan ranson 1825 lan. Lame lokipasyon ane 2004 lan, se yon fòs ki vin eseye zonbifye Ayisyen, fè lapèrèz akapare bonnanj yo jouk sa ta rive bloke tout jefò liberasyon yo ta ka fè pou soti nan kalòj-lamizè pèpetyèl la. Fo mouvman! Batay pèp Ayisyen tanmen anfavè lajistis ekonomik ak restitisyon an fenk kare vale teren. Nan ane 2004, Lafrans te dwe Ayiti 21.7 milya dola vèt. Yon jou va jou kote ladwati va pi fò sou latè, kote sitwayen latè va genyen kont pouvwa ak konesans pou yo kanpe djanm bò kote pèp Ayisyen an epi woule anba lanpi. Jou sa a, kit se Etazini, kit se Lafrans, kit se yon lòt, li pap fouti azade li, kòmsi deryennetè epi san konsekans, vin fè kadejak sou dwa sakre yon pèp genyen pou li jwi fòs kouray li kòmsadwatèt. Marguerite Laurent Haitian Lawyers Leadership Network

Links

Comité pour le Remboursement Immédiat des Milliards Envolés d’Haïti (CRIME) - 14 juillet 2010

Ce comité est à l'origine de la mise en ligne, le 14 juillet dernier, d'une réplique en forme de canular du site internet du ministère français des Affaires étrangères, dans lequel était faussement annoncé un remboursement de la rançon de Charles X à Haiti.

 

Message urgent à la Gouverneure générale du Canada, Michaelle Jean - sujet: RESTITUTION - 20 janvier 2010

Texte et lien vidéo de l'appel lancé sur les ondes de la chaine de télévision nationale CTV à la Gouverneure générale du Canada, Michaelle Jean, née en Haiti et jadis citoyenne française.

 

GODISNOTWHITE.COM

Site web de l'auteur et militant pour la justice sociale  Jafrikayiti (aka Jean Saint-Vil)

 

Haiti, France and the $40B Elephant - Feb 17, 2010
France24 (TV) covers Nicolas Sarkozy's historic visit to Haiti on Feb17 2010. Guests include Olivette Otele and Jafrikayiti (Jean Saint-Vil) discussing the thorny issue of the Charles X Ransom - over 90 million Gold Francs (Est. current value $40 Billion U.S) collected at gunpoint by various French governments from the Haitian state, between 1825 and 1947.

 

Haitian Lawyers Leadership Network (HLLN)

A network of lawyers, scholars, journalists, concerned individuals and grassroots organizations and activists, dedicated to institutionalizing the rule of law and protecting the civil and cultural rights of Haitians at home and abroad.

 
Share for Success

Comment

73

Signatures