Haiti - Collectif Petition Loi FNE 0

Ayiti - Sipòte vòt pwojè lwa FNE a / Haiti - Supportez le vote du projet de loi FNE / Support the vote of the FNE bill

523 people have signed this petition. Add your name now!
Haiti - Collectif Petition Loi FNE 0 Comments
523 people have signed. Add your voice!
53%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

KISA PWOJÈ LWA FNE A ITIL?

Ayiti bezwen anpil lajan pou l bay tifi ak ti gason peyi a bon jan ledikasyon. Òganis ki rele FNE a (Fon Nasyonal pou Ledikasyon) se estrikti ki la pou bay Leta mwayen ak resous lajan pou fè envestisman sa a. Poutan, depi 2011 lajan yo pran sou sitwayen peyi a ak etranje ap fè pil sou yon kont labank san pyès moun pa ka itilize l paske mekanis ki la pou ranmase lajan an ap fonksyone tandiske òganis ki pou jere ak envesti li an, FNE, poko fonksyonèl. An bon kreyòl, nou rele sa mete kabwa anvan bèf. Lwa ki pou kreye FNE a vote nan Chanm Depite a depi dawout 2012 men li poko janm vote nan Chanm Sena a. Plis jou ap pase, plis lajan ap ogmante sou kont lan; pandan tan sa a anyen pa janm chanje pou pitit sitwayen ki plis defavorize yo paske pa gen ase lekòl piblik kote yo te ka jwenn moso ledikasyon.

LE PROJET DE LOI FNE, QUEL INTERET POUR NOUS?

Haïti a besoin de ressources conséquentes à investir dans l’éducation de ses filles et de ses fils. L’organisme dénommé FNE (Fonds National pour l’Education) est une structure créée pour donner à l’Etat haïtien les moyens et les ressources financières pour cet investissement. Pourtant, depuis 2011, l’argent collecté pour le fonds auprès des citoyens haïtiens et étrangers ne fait que s’empiler sur un compte en banque sans qu’il puisse être utilisé. Pourquoi cela? Parce que le mécanisme pour collecter les fonds a été mis en place et fonctionne tandis que l’organisme devant gérer et investir les fonds, le FNE, ne l’est pas. C’est ce qu’on appelle mettre la charrue avant les bœufs. La loi créant cet organisme a été votée à la Chambre des Députés en août 2012 mais attend toujours de l’être à la Chambre des Sénateurs. A chaque seconde qui passe, les montants perçus sous forme de taxes et de redevances pour le fonds augmentent tandis qu’envoyer leurs enfants à l’école reste un lointain rêve pour les citoyens les plus démunis d’Haïti faute d’établissement scolaire public.


¿PORQUE DEBERÍAMOS PROCUPANOS POR EL PROYECTO DE LEY FNE?

Haití necesita recursos sustanciales para invertir en la educación de sus niñas y sus niños. El organismo llamado FNE (Fondo Nacional para la Educación) es una estructura creada para dar al Estado Haitiano los medios y los recursos financieros para esta inversión. Sin embargo, desde 2011, el dinero recogido para el fondo de los ciudadanos haitianos y extranjeros sólo apila en una cuenta bancaria sin que pueda ser utilizado formalmente. ¿Por qué? Debido a que el mecanismo para recaudar fondos ha estado funcionando mientras que el organismo de manejo e inversión de los fondos, el FNE, no es funcional. Esto es poner el carro delante del caballo. La ley de creación de este organismo fue aprobada en la Cámara de los Diputados en agosto de 2012, pero todavía queda a la espera de la votación de los Senadores. Con cada minuto que transcurre, los fondos recogidos procedentes de impuestos y regalías aumentan, mientras que mandar sus hijos a la escuela sigue siendo un sueño lejano para los ciudadanos más pobres de Haití por falta de escuela pública.

WHY SHOULD WE CARE ABOUT THE FNE BILL?

Substantial resources need to be invested to educate Haiti’s boys and girls. The body called FNE (National Fund for Education) is a structure created for this purpose: to provide the Haitian government with the means and financial resources to invest in education. Yet to date, the money collected since 2011 on Haitian citizens and foreigners for the fund has not been used. It only piles on a bank account while going to school remains a distant dream for so many Haitian boys and girls. Why? Because the mechanism to collect the money has been put in place before the body to manage and invest the funds, the FNE, even becomes operational. This is a perfect example of what we call putting the cart before the horse. The law creating this body has been voted by the Chamber of Deputies in August 2012 but is awaiting the Senate’s vote. Every second, the amount collected in taxes and fees (mainly on international calls and money transfers) for the funds increases while sending their children to school remains a distant dream for the poorest citizens of Haiti because the country’s lack of public school.

xxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxxx

PETISYON POU FINANSMAN PIBLIK KONSEKAN SEKTE LEDIKASYON NAN PEYI DAYITI

Demann pou vote lwa sou kreyasyon òganis ki rele Fon Nasyonal pou Ledikasyon an (FNE)

Nou menm, manm kominote edikatif nan peyi Dayiti ak asosiyasyon ki nan sosyete sivil la: CARE Haiti, Initiative Développement, Plan International, Save the Children, CONCERN WORLWIDE, Centre d’Appui Psychologique et de Loisir, Parole et Action, World Vision, Comité des Directeurs d’Ecoles de Gressier, Fondation Nou La, ansanm ak Centre d’Education et de Recherches Audio-visuelles ki genyen volonte pou sipòte Leta nan jefò l ap fè pou ogmante kantite lekòl piblik nan peyi Dayiti, pou batay pou ranfòse gouvènans nan sistèm ledikasyon an, epi pou bay bourad pou sistèm sa a vin pi efikas, nou kwè li nesesè pou nou prezante demann sa a douvan Chanm Sena 50yèm Lejislati ayisyen an pou li vote lwa sou kreyasyon òganis yo rele «Fon Nasyonal pou Ledikasyon» an (Fonds National pour l’Education, FNE) ki la pou bay plis garanti ak estabilite nan zafè rantre lajan ki pou envesti nan ledikasyon.

LE NOU KONNEN / KONSTATE:

  • Ledikasyon se yon dwa chak moun genyen, yon sèvis tout moun ta sipoze jwenn san paspouki daprè sa ki ekri nan Konstitisyon peyi Dayiti nan Atik 32 a;
  • Ledikasyon se yon zouti ki gen yon enpòtans total kapital nan devlopman ekonomik, sosyal ak kiltirèl kèlkeswa pèp nan lemonn;
  • Nan lane 2012, preske 400,000[1] timoun, sa ta vle di 12% nan timoun ki gen ant 6 ak 18 lane, pa ka ale lekòl akoz pwoblèm sosyal ak ekonomik;
  • Selman 12%[2] lekòl nan peyi a se lekòl piblik: sektè ledikasyon piblik la genyen yon gwo mank, pa gen ase plas pou resevwa tout timoun;
  • Sistèm gouvènans ak kontwòl Leta sou kalite ak kantite lekòl nan peyi a gen yon gwo feblès;
  • CONATEL deja ranmase 100,324,489.32[3] dola ameriken pou Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) a.

N AP FE SONJE:

  • Nan Fowòm mondyal sou ledikasyon ki te fèt nan Incheon (nan peyi Kore nan mwa me 2015), peyi Dayiti te pran angajman epi dakò ak senk (5) tèm prensipal ki te nan deklarasyon Incheon nan: dwa pou ledikasyon, pou enklizyon, pou ekite, pou kalite ledikasyon, pou aprantisaj pandan tout vi yon moun;
  • Lwa sou kreyasyon Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) an deja vote nan Chanm Depite a nan mwa dawout 2012;
  • Peyi Dayiti dakò epi siyen 17 objektif devlopman dirab yo (2016-2030), espesyalman 4yèm objektif la ki vle garanti aksè pou tout moun jwenn bon kalite ledikasyon san paspouki, epi fè pwomosyon pou aprantisaj kapab fèt pandan tout vi yon moun.
  • Kominote edikatif ayisyen an, pati politik yo ak tout sektè òganize nan sosyete sivil la siyen ak otorite edikatif peyi a yon Antant nasyonal pou yon bon kalite ledikasyon nan mwa Oktòb 2015 lan. Tout pati sa a yo te pran 8 angajman nan Antant sa a. N ap raple 3 pami angajman sa a yo:

- Ogmante kantite lekòl piblik yo epi repare sa ki genyen yo;
- Double finansman pou ledikasyon;
- Retire sistèm edikasyon an nan kesyon moun pa epi anba move enfliyans politik.

MEN SA NOU VLE:

Nan lide pou mete an aplikasyon angajman sa a yo, fòk sektè ledikasyon an jwenn resous lajan konsekan.

Nan sans sa a, nou mande:

  • Gouvènman peyi Dayiti bay bon jan rapò sou kantite lajan ki deja ranmase nan kad Fon Nasyonal pou Edikasyon (FNE) an;
  • Pou Chanm Sena a vote lwa sou kreyasyon Fon Nasyonal pou Edikasyon an (FNE);
  • Pou bon jan mezi pran pou pibliye lwa sou kreyasyon Fon Nasyonal pou Edikasyon an (FNE);
  • Tout aktè ki nan domèn ledikasyon, kit li piblik kit li prive, mete men pou kreye yon sistèm kontwòl ki pèmèt tout moun wè aklè kijan òganis sa a ap fonksyone;
  • Pou gen bon jan dispozisyon ki pran pou rann òganis sa a fonksyonèl;
  • Pou Leta mete kanpe yon estrikti tout kominote edikasyon an konnen, kit li piblik oubyen prive, pou rann kont sou fonksyònman Fon an;
  • Fòk Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) an pa tonbe anba machandaj politik, fòk yo pa itilize l pou pwopagann politik pou kèlkeswa rezon an.

XXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXXX

PETITION EN FAVEUR D'UN FINANCEMENT PUBLIC SIGNIFICATIF DU SECTEUR DE L'EDUCATION EN HAITI

Vote de la loi sur la création de l’organisme «Fonds National pour l’Education» (FNE)

Nous, membres de la communauté éducative haïtienne et associations de la société civile: CARE Haiti, Initiative Développement, Plan International, Save the Children, CONCERN, Centre d’Appui Psychologique et de Loisir, Parole et Action, World Vision, Comité des Directeurs d’Ecoles de Gressier, Fondation Nou La, Centre d’Education et de Recherches Audio-visuelles animés par la volonté de contribuer à l'accroissement de l'offre publique de qualité de l'éducation en Haïti, d'œuvrer à renforcer la gouvernance du système éducatif haïtien, d'appuyer son efficacité, croyons nécessaire de présenter cette requête à la Chambre des Sénateurs de la 50e Législature pour l’adoption de la Loi instituant l’organisme dénommé «Fonds National d’Éducation», afin de garantir des sources de financement stables pour l’éducation.

CONSIDERANT QUE:

  • L'éducation est un droit humain qui doit être accessible à toutes les personnes sans aucune discrimination et qui est garanti par la Constitution haïtienne dans son Article 32;
  • L'éducation est un outil essentiel pour le développement économique, social et culturel de toutes les populations dans le monde;
  • En 2012 près de 400,000[1] enfants soit 12% des 6-18 ans évoluaient en dehors du système scolaire haïtien essentiellement pour des raisons socio-économiques;
  • Seulement 12%[2] des écoles sont publiques: le secteur éducatif haïtien est marqué par un important déficit de l’offre publique scolaire;
  • Il y a une faiblesse du système de gouvernance et de contrôle de l’Etat sur la cohérence du réseau scolaire;
  • Le CONATEL a déjà collecté 100,324,489.32 US$[3] comme ressources pour le Fonds National d’Education (FNE).

SE REFERANT:

  • à l’adhésion d’Haïti aux engagements pris au Forum mondial sur l’éducation tenu à Incheon (Corée, mai 2015) et aux cinq thèmes principaux de la déclaration d’Incheon: droit à l’éducation, à l’équité, à l’inclusion, à la qualité de l’éducation, à l’apprentissage tout au long de la vie;
  • au fait que la Chambre des Députés a exprimé par son vote son approbation de la loi sur la création de l’organisme dénommé FNE en août 2012;
  • à l’adhésion d’Haïti aux 17 objectifs du développement durable (2016-2030), spécifiquement à l’objectif 4 visant à assurer l’accès de tous à une éducation de qualité, sur un pied d’égalité, et de promouvoir les possibilités d’apprentissage tout au long de la vie.
  • au Pacte National pour une Education de Qualité signé parla communauté éducative haïtienne, les partis politiques et les secteurs organisés de la société civile avec les autorités éducatives du pays en octobre 2015 où huit engagements ont été pris, notamment:

- Accroitre et réhabiliter l’offre publique scolaire.
- Doubler au moins le financement de l’éducation.
- Soustraire le système éducatif des influences politiques.

MESURES SOUHAITEES:

En vue de la mise en œuvre des engagements suscités, il importe que le secteur de l'éducation dispose de ressources financières substantielles.

Aussi, nous demandons:

  • au Gouvernement haïtien de publier un rapport clair et transparent sur la somme déjà collectée pour alimenter le fonds;
  • que la loi créant le Fonds National d’Education (FNE) soit votée par la chambre du Sénat;
  • que des mesures concrètes soient prises en vue de la promulgation de la loi créant l’organisme dénommé «Fonds National d'Education» (FNE);
  • qu'un mécanisme, capable de rendre transparent le fonctionnement de cet organisme, soit défini par les acteurs de la communauté éducative, tant publics que privés;
  • que des dispositions concrètes soient prises pour rendre cet organisme fonctionnel;
  • qu'un système de reddition de compte et d'imputabilité connu de tous les acteurs de la communauté éducative, tant publics que privés, soit mis en place en vue d'éviter toute tentative de corruption ou d'utilisation abusive des ressources de cet organisme;
  • que le FNE échappe à toute forme de politisation et qu'il ne soit, sous aucune forme, utilisé comme instrument politique.

xxxx

Sous / Sources

[1] Source: Study on the access of children and youth to education services/Phare View for USAID 2012/Data from ECVMAS

[2] Source: MENFP/DPCE, Recensement scolaire 2010-2011

[3] Source: http://www.haitilibre.com/article-13049-haiti-educ...

Share for Success

Comment

523

Signatures