caole 0

LEVE KANPE POU LETA AYISYEN FÈ 14 DAWOUT YON DAT NASYONAL

341 people have signed this petition. Add your name now!
341 people have signed. Add your voice!
4%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

PETISYON

Nan non Gran Mèt ki ban nou 4 eleman lavi an, O non Bondye Boukman te rele nan Seremoni Bwa Kayiman an, nan non Zansèt nou yo ki te bay san yo ak vi yo pou te ban nou Ayiti kὸm eritaj, nou salye w ak anpil respè.


Manman lwa peyi a ba nou dwa nan ATIK 29 pou nou ekri otorite yo, pou nou revandike dwa nou. Men jan li ba nou dwa na ATIK 31 pou nou di libreman sa nou panse, sa nou konprann, sa ki fe nou mal ou byen.


ATIK 215 la deklare ke, tout sa ki makὸnen ,ki pran rasin nan tradisyon ak listwa lafrik, tout moniman, tout konstriksyon, ki rafrechi memwa nou sou listwa ak kouraj zansèt yo se eritaj pèp Ayisyen. Konvansyon Nasyon Zini ke Pèp Ayisyen te siyen nan lane 1966 kote yo konsidere ke li gen dwa pwoteje eritaj kiltirèl li.


Jodi a, nou tounen yon pèp ki pèdi memwa, yon pèp yo mare anba pye sabliye. Nou pèdi nanm, nou pa konnen ki kote nou ye, ki kote nou prale. Nan kondisyon sa nou jouke anba tout kalite dominasyon ki lakὸz nou fe kado Lò pou nou achte Krizokal.


Senbòl drapo nou « L'UNION FAIT LA FORCE » tounen twèl pou siye pye. Jounen jodi a, nan chache ranmase sa ki pou nou , nap mande leta tanpri souple pou deklare 14 Dawout jounen nasyonal nan menm jan ak 18 Me,18 Novanm, 1e Janvye, elatriye…


1- Bwa Kayiman se sous enspirasyon solidarite ak tèt ansanm ki pou retire kὸd soudevlὸpman kiltirèl, ekonomik ak politik plis kolonizasyon mantal. Bwakayiman te rasanble ni milat ni blan ni nwa, ni vodouyizan, ni kretyen, ni mizilman. Bwakayiman se eritaj sakre Pèp Ayisyen an.


2- Bwakayiman se manman libète nou se flanbo ki klere nou sou chimen lespwa pou yon lòt sosyete. BwaKayiman te kraze kolonizasyon ak lesklavaj. Le nou mande pou yo deklare 14 Dawout jounen Nasyonal se yon ochan pou Zanset nou yo , nou vle di yo ke nou konprann sakrifis yo te fe pou nou e nou vle mache nan tras yo. Bwakayiman 2018, an nou sèmante pou nou viv nan respè yonn pou lὸt, pou Ayiti pa peri.

Nan non zansèt yo ki te ba nou libète, an nou bay petisyon sa valè ke li merite.


Manbo Carole DEMESMIN

Prezidan


Asosiyasyon Lakou Otantik Vodou Inifye pou Yon lot Edikasyon

Bwat Pὸstal: 15045, Petion-Ville, Haïti

Bwat Pὸstal: 292731 Davie Florida, 33329

Telefὸn: (509) 4159-2845 (954) 548-8691

Adrès Elektronik: alovifest@gmail.com

1. PEYI A DWE REKONSILYE AK TET LI AK IDANTITE

Se pou sa Sektè Vodoun a, nan kad patisipasyon l nan deba sou refòm Konstitisyon an mande, pou pami tout jou Leta Ayisyen konsidere kom jou ferye, dat 14 Dawout la dwe konsidere. Yap rele l « JOUNEN IDANTITE NASYONAL »

Pou ki JOUNEN IDANTITE NASYONAL? Dat 14 Dawout, se jounen Zansèt Afriken nou yo te pran konsyans fòk yo apiye, epi sèvi ak esprityalite Afriken yo kòm siman pou fè INITE ki te nesesè pou batay, pou libere teritwa a anba esklavaj kolon blan Ewopeyen te inogire sou li depi lane 1501. Nanchon Fransèz nou wè ki rich jodia, se zotobre Lafrans yo ki, depi epòk 1692, te mete kanpe sistèm ki te kouvri 3 kontinan, sa yo te rele Komès Triyangilè. Blan Ewopeyen te konstrui anpil bato pou te al bwote plizyè milyon Afriken pou te vin fòse yo travay pou yo gratis sou tèAmerik. Pami teritwa li tap eksplwate ak sistèm esklavaj la, se bout tè ki rele Ayiti jounen jodia.

Se richès ki te produi sou teritwa an Ayiti pandan 400 lane, ki anrichi Lafrans ansyen kolonizatè nou. Lè Boukman te itilize sa l konnen pi byen ki se Spirityalite Afriken an, ki an Ayiti pote non Vodoun, kom sèl langaj ke tout Afriken ki te an esklavaj yo te konprann, se te moman an ki te rive pou te gen yon konsyans kolektiv ki te pran pou Afriken sa yo te goumen pou yo te konsidere yo kòm MOUN menm jan ak nenpòt ki lòt MOUN. Dwa sa a, sistem esklavajis la, te elimine l pou zansèt Afriken nou yo, depi nan dokiman ki te konsidere kòm manman lwa pou sistèm esklavaj la: Le Code Noir.

Depi kèk tan dat 14 Dawout la, pami dat ke yo banalize devan je sitwayen yo, nan endiferans Leta ak Enstitisyon gadyen souverènte peyi a. Okontrè menm, gen kèk avantirye ki soti nan lòt peyi, ki vin fouye teritwa a dèyè richès natirèl li yo, e menm ap kolekte taks ilegal 10 pou 100 sou travay sitwayen Ayisyen, ak gwo mwayen yo gen nan men yo, yo envesti nan propagann nan anpil medya pou mennen yon kanpay agresif kont dat 14 Out. Move kanpay sila a, afekte respè sitwayen Ayisyen dwe manifeste devan listwa nou, ak tout zak ewoyik ki te mennen nan fondasyon peyi Dayiti. Se yon propagann sal kont Ewo nou yo, kont tout eleman kiltirèl ki fòme idantite nou kòm PÈP. Nan kad batay ki ap mennen, e sitou nan respè pou REZISTANS majorite pèp Ayisyen pou

kenbe anpil paj nan listwa peyi a ki pa egziste nan liv ofisyel lekòl, Sektè Vodoun a reklame dat14 Dawout la pami Fèt Nasyonal ki dwe deklare konje, chome e peye. Non okazyon sa a, chak ane, ansanm sektè ki konsène anndan peyi a, dwe konsakre ak òganize tout aktivite ki kapab sansibilize popilasyon an sou spirityalite, istwa ak kilti zansèt nou yo.

Lè a rive pou Ayiti rekonsilye ak Verite ki kache nan pase l. Lè a rive pou Ayiti rekonekte ak IDANTITE l. Li lè li tan pou Ayiti chache wout INITE ak RESPE pou tout pitit li ki pote menm tit ak nou tout ki se SITWAYEN AYISYEN.

2. 4 DESANM « DAT NASYONAL TAYINO »

Kilti yon pèp se zantray li .Yon sosyete grandi, lè li konekte ak pase l. Sa pèmèt li mezire wout li deja pase, e anvizaje kouman pou l konstrui lavni li. Ansèyman listwa, se makònen sitwayenjodia ak pase zansèt li yo. Zansèt li yo se fanmi san li yo ki te viv nan peyi a anvan l te fèt. Li dwe konsyan ke san ki nan venn li ki fè li ap viv jounen jodia, konekte l ak paran l, gran paran, gran gran paran l yo. Se respè pou sa yo te fè, ki fè li menm li pral ankouraje fè pi byen pou demen pitit ak pitit pitit li yo ka amelyore sa li menm li te fè. Se sa ki esans espirityalite Vodoun a ki bay prensip pou kenbe koneksyon espesyal sila a ak zansèt yo. Yon pèp ki pa apiye sou istwa l, pap janm gen konsyans plas li nan listwa, li tankou yon moun ki pa vin defann anyen nan lavi a, li pap ka jwen respè devan anken lòt pèp.

Listwa kolonizatè yo rakonte, lè mouche Kristòf Kolon te mete pye sou bout tè nou an, ras moun sa yo li pat janm kwaze nan vi l anvan sa, li te ba yo non Endyen. Nan tèt pa l moun sa yo te yon bann moun sovaj, ki pat sivilize. Ki vle di yo pat viv tankou moun Ewòp kote l te soti. Nou konprann prezantasyon sa a, se te pou kouvri alavans jenosid konkistadò yo ouswa bandi ki ap chache lò pou rape yo, vòlò sou tè lòt pèp. Nou poko janm poze kesyon pou mande: ak ki dwa pou sitwayen Espanyol yo te kite peyi pa yo vin trete moun ki pat pataje menm estil lavi ak yo de sovaj, ou moun pa sivilize?

Anpil rechèch demontre anvan relijyon te kreye sou tè a (Krisyanism-Jidayism-Mahometism), tout kilti espirityèl yo te sanble youn ak lòt, se metòd ouswa eleman yo ki te diferan. Se konsa kilti esprityel Tayino yo, kidonk, ansyen abitan zile a, te sanble tèt koupe ak kilti espritiyel Afriken yo ki se Vodoun. Afriken yo se zanset nou menm Ayisyen, sila yo, yo te fòse vin viv sou tè sa a, pou te ka kreye richès pou konkistado Espanyol, ansuit franse, anba yon sistèm baba e sovaj ki te rele ESKLAVAJ.

Tayino yo ak Afriken yo te sibi menm kategori abi yo anba men menm konkistadò Ewopeyen yo:

1. Yo pat rekonèt yo kòm moun.

2. Yo te inyore yo te gen yon istwa, menm si l pat ekri.

3. Yo te devalorize liy ansestral yo.

4. E sitou, yo pat respekte espirityalite yo.

Nan liv istwa Dayiti ki nan men tout elèv lekòl an Ayiti, yo ekri " Les indiens adoraient les forces de la nature, les arbres, les sources d'eau, les rivières et surtout le soleil, la lune et les étoiles". Si moun ki ekri fraz sa yo jwenn yon fyète pou l ka demontre siperyorite kilti ak relijyon Ewopeyen pa yo a, yo pa rann yo kont se sa menm ki dekri espirityalite Tayino yo. Si w adore yon objè ou pa kraze l, ou pa detrui l. Se sak fè konkistadò yo te vin jwenn bout tè sa a plen pye bwa sou li, ak anpil bèt 4 pat, paske Tayino yo te konsidere tout sa yo wè kòm gid ki akonpaye egzistans yo. Solèy la pou fè Agrikilti, pou fè manje pouse. Lalin nan pou regle vag lanmè a ki netwaye l paske yo bezwen l pou peche pwason. Pozisyon etwal yo anwo tèt yo te gen eksplikasyon, pa egzanp nan anonse bon tan ou move tan. Kanta pye bwa yo, se yo ki te garanti frechè epi kenbe tè a fètil paske anba feyaj yo gen rezèv dlo pou fè manje pouse.Sa Ewopeyen yo pat konprann, se lè vant yon moun plen, izin kò a ka produi enèji pou selebre lavi. Tayino yo menm jan ak Afriken yo, anvan kontak yo ak konkistadò vòlò lò Espanyol yo ouEwopeyen yo te gen menm pratik lavi: Chase, Peche, Plante, Rekolte, Tise Twal, Chante, Danse, elatriye...

Eritaj Tayino trè fon nan la vi nou jouk jounen jodia lè nou gade manje tankou Akasan, doukounou, mayimoulen, kafe, rapadou, janjanbrèt, kasav ak anpil lòt manje ki preske disparèt nan kuizin nou.

Kilti Tayino vivan, li makònen ak kilti Afriken an, ki bay pèp Ayisyen yon resistans solid ki anpeche nou kase devan tout kalite move tan. Se toujou eritaj Tayino yo ki pèmèt nou jwi youn nan pigro manifestasyon kiltirèl ki se RARA. TAYINO yo te konpran chanjman sezon yo nan Lanati yo te selebre espri fekondasyon latè, ke jodia nou rele Minis Azaka. Van ke nou rele van Karèm nan se li simaye polèn tribò babò sou tout pye bwa pou latè fleri, pou l kase lezo nan mwa ME chak ane pou debouche sou yon sezon tou nèf. Se bèl selebrasyon kiltirèl sa nap selebre l chak lane, li gen diferan aspè ladan: kiltirèl, sosyal, politik, ekonomik ak spirityèl.

Jodia li tan, kòm pèp pou nou konpile gro eritaj kiltirèl sila nan yon lòt nivo, kote lòt jenerasyon kapab jwen yon estrikti tou pare, kote kilti nou an kapab youn nan gran resous ekonomik Ayiti. Lè a rive pou nou gen yon sosyete ki gen koyezyon kòm pèp ki pataje menm visyon, edikasyonpou tout pitit peyi a.

Lè a rive pou nou sispan inyore pwòp realite nou. Sektè vodou ak sektè kiltirèl la mande pou rekonèt dat 4 Desam kòm jou pou sonje Tayino yo premye abitan tè Ayiti. Pouki 4 Desanm? Paske 4 Desanm 1492, se te dènye jou Kiskeya te mèt tèt li, se te dènye jou Kiskeya te leve kè kontan.

An nou fè 4 Desanm yon jou Nasyonal ki rantre anndan kalandriye peyi nou. An nou fè 4 Desanm yon Jounen Nasyonal Refleksyon. Yon jou pataj edikatif sou lavi Tayino yo. An nou fè lòt jenerasyon ki ap vini yo, respekte tradisyon ki ka pèmèt imajinasyon yo boujonnen pou yon Ayiti tou nèf.

3. RESPÈ POU DANTI NOU YO

Lè nou konsidere valè ak proteksyon lòt peyi bay environman ak danti lakay yo, Forè, PlasPiblik, Rivyè, Plaj, Sit Istorik yo, sa ki pèmèt diferan jenerasyon apresye renmen, konprann, respekte valè ansestral yo.

Lè nou konsidere ak ki fasilite etranje rantre nan peyi Ayiti pou demantibile fason nou viv, ridikilise mès nou, toupizi fòs kiltirèl nou, detounen espirityalite nou. Li lè pou nou sanble tout pitit zantray yo, pou nou retire Ayiti nan koridò labou ak fatra inyorans.

Se pou latriye rezon sa yo ke nou di NON. Sektè Vodou a mande dirijan yo nan peyi Dayiti, pou yo leve lantouraj byen wo pou proteje Gran Lakou nou yo ki te sèvi kòm lye rasanbleman pou zansèt yo lè yo te konn ap fè plan batay, jiska ranpòte viktwa ki bay Endepandans nou.

Sektè vodou a mande pou bay limit lalwa a kelkeswa moun, ou byen gwoup moun ki nan kèlkeswa relijyon, sèkt, elatriye … pou yo pa gen dwa anpeche, ni deranje, ni denigre sou okenn fòm rasis, pou yo pa vin ankouraje kraze brize, pou yo pa soufle dife ak move pawòl kont Vodouizan, pou yo pa ankouraje okenn atak ni zak malonèt kont Lakou, Bitasyon, Perestil yo, ou tout kote Vodouyizan ap fè sèvis ou abitye fè sèvis ak rasanbleman.

Proteksyon sit sakre se responsablite pataje ant Leta ak tout òganizasyon nan Sektè Vodoun a pou travay an kolaborasyon ak òganizasyon tankou ISPAN, ak tout lòt òganisasyon ki bay tèt yo objektif sila a, konsènan itilizasyon ak proteksyon sit sa yo.

Lè nou di Vodou an Ayiti, nou di yon systèm tradisyonèl ki sòti nan plizyè nanchon Afriken ki rive nan bout tè sa a san se pat volonte yo, men se te volonte rapas ak piyajè Ewopeyen ki te vle konstrui riches pou yo ak pou deasandan yo. Vodou a an Ayiti koumanse bay tèt li yon egzistans òganize, nan okazyon premye kongrè politik Bwa Kayiman ki te mennen Endepandans peyi a 13 lane apre. Premye seremoni Vodou nou sa a te make fen peryòd 290 lane kote Afriken depòte sou teritwa a pat gen dwa bat tanbou, onore memwa zansèt li yo, egzèse kèlkeswa rityèl ki bay yo koneksyon dirèk ak lespri zansèt yo, e sitou ak Mistè ki dèyè Lanati yo ke nou rele Lwa yo.

Vodou a tou, se mòd lavi ak fason Afriken esklavajize yo te viv pou fè rezistans ak sistèm ki te wè yo tankou yon machin ki la pou travay sèlman, bourike lajounen kou lannuit, pou profi kolon yo. Mak fabrik kilti ayisyen an chita kò l nan tout fòm resistans sou plan ekolojik, ekonomik, sosyal, politik, senbolik.

Sit mistik yo (Lakou yo, Gwòt yo, Lye istorik yo) jwe yon kokennchenn wòl nan batay lendepandans lan, ki se yon batay pou Dwa Moun. An n founi je gade kèt sit ki temwaye a klè senbòl rezistans Afriken esklavajize yo.

1. Bwa Kay Iman, ki se yon pozisyon estratejik kote premye kongrè politik la te rive fèt, kote tout nanchon Afriken yo te deside mete tèt ansanm pou batay pou flanke blan yo deyò paske blan pat wè lòt wòl pou lavi yo ki se ESKLAV. Kòm rezilta, sa vin bay nesans ak peyi Dayiti jou kite premye Janvye 1804.

2. Lakou Badjo, kote Anperè Jan Jak Desalin te plante epe li, avan li te al bay diskou endepandans lan jou kite premye Janvye 1804,

3. Kay Grann Giton yon fanm solid, youn nan konseye Anperè Jan Jak Desalinn.

4. Gwòt yo se pozisyon estratejik pou Nèg Mawon yo, Sosyete Sekrè yo, elatriye. Pou nou site sa yo sèlman, tout sa se pou n souliyen lenpòtans sit yo nan lavi espirityèl Afriken yo. Marcus Garvey di “ yon pèp san kilti se yon pye bwa san rasin ”.

KONSIDERASYON FINAL

Lè nou konsidere desizyon nan konstitisyon amande 9 Me 2011 la

Lè nou konsidere eliminasyon atik 297 Konstitisyon Repiblik Dayiti 29 mas 1987 la.

Lè nou konsidere Atik 297 nan Konstitisyon 29 Mas 87 te anile tout lwa, tout dekrè, tout dekrè lwa ki te enspire pa prejije rasis e fo santiman siperyorite relijyez, sa ki te wete plim sou do Dwa ak Libète anpil sitwayen. An nou site kèk ladan yo:

- Dekrè lwa 5 sektanm 1935 lan sou kwayans yo te kalifye de vye kwayans.

- Lwa 2 out 1977 la kite mete yon tribunal pou Sekirite Leta

- Lwa 28 jiyè 1975 la kite mete yon valè tè nan Plenn Latibonit sou kont leta anatandan.

- Lwa 29 Avril 1969 la kont tout doktrin ki soti lòt peyi.

Lè nou konsidere arete 4 avril 2003 ki rekonèt Vodou li bay dimansyon Relijyon ki dwe jwi menm privilèj ak tout relijyon ki ap opere an Ayiti.

Lè nou konsidere Vodou a se yon tradisyon kiltirèl ak espiritityèl pèp Ayisyen.

Lè nou konsidere desizyon elimine Atik 297 Konstitisyon 29 Mas 1987 nan Konstitisyon amande 2011 la, se yon enjistis kont popilasyon an.

Lè nou konsidere se yon vyolasyon nan dispozisyon ki genyen sou Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun.

Lè nou konsidere desizyon sa a, an kontradiksyon avèk atik Atik 3, 4 Komisyon Entèramerikèn Dwa Moun.

Lè nou konsidere demach sa a yo sanble kou de gout dlo avèk desizyon « Code Noir » pou yo temete chita sistèm esklavajis la espesyalman nan atik 2 ak atik 3 dokiman sa, (Code Noir).

Lè nou konsidere Amandman 9 mai 2011 lan te fèt san reflechi, li pat menm gentan ekri nan lang nasyonal pèp la, ki se Kreyòl .

Pou tout rezon sa a yo, ALOVIYE mande

1- pou Leta bay Sektè Vodoun espas ak kad legal pou l ka plis òganize tèt li. Pou ka soti Vodoun a nan kategori moun yo meprize, yo gen dwa fè abi. Fòk Leta a mande dirijan lòt relijyon yo pou sispann rele Vodouizan dyab, sèvitè Satan ou kelkeswa move non ki konn itilize nan espas kilt ou Legliz yo e sou medya (Radio ak Televizyon, Podium sou Plas Piblik yo). Espas sa yo dwe sispann platfòm pou lanse pawòl ki ap jèmen rayisman nan mitan popilasyon an.

2- Fòk Leta a ankadre Vodouizan ki vle mete Sant pou amelyore konesans ak Espas pou transmisyon konesans sou Fèy, Ekòs ak Rasin paske tout medikaman soti nan Fèy, Ekòs ak Rasin. Gen anpil moun nan Vodoun a ki konnen, e dispoze pase yo bay lòt jenerasyon. Se ankadreman say o Vodoun a bezwen pou l fè mòd edikasyon pa l.

3- Pou Leta retounen ak atik 297 la ki garanti Libète pou egzèse rityel Vodoun san kè sote.

4- Tout amandman dwe fèt nan lang popilasyon an plis konnen ki se Kreyòl.

______________________________________________________________________________

Pòtoprens, le 29 Me 2017

Onorab,

Asosyasyon Lakou Otantik Vodou Inifye pou Yon lòt Edikasyon ap konplimante w pou wòl wap jwe nan lavi Nasyonal la jounen jodia. Se konsa, nan kad premye bwase lide pou reflechi sou modifikasyon ki ta dwe fèt nan Manman Lwa peyi nou kon Konstitisyon an, nou pwofite soumèt devan atansyon w, dokiman sila a ki gen ladan l kèk pwen ki dwe rantre kòm atik yon manman Lwa modifye.

Pwen sa yo konsène kèk mezi tou senp ki dwe pran pou amonize peyi a ak istwa l, kilti l, espirityalite l, yon fason pou Ayiti ak Ayisyen koumanse antre nan chimen pou rekonsilye ak tèt li, pou l bay tèt li vrè idantite l e non pa idantite pèpè ke 2 enstitisyon: Legliz ak Lekòl, ap propaje depi 1812 anndan peyi a. Maleng nan fon, si n pa manyen l jan pou n manyen l la, li ap tounen java, e lè sa a li pral twò ta.

Tanpri Onorab, li dokiman sa a ak anpil atansyon. Reflechi sou li. Epi nou vle fè w konnen nou disponib nan ALOVIYE pou ba w plis tan pou eksplike w demach ki nan lide nou soumèt ba wou la yo. Peyi a se pou nou, sa a antre nan kad aksyon ki dwe fèt pou n pa kite Ayiti peri. Nan non peyi a, ak nan non zansèt yo ki te goumen pou ba nou li a, nou koube n byen ba pou n salye w.

Pou ALOVIYE

Manbo Carole DEMESMIN

Share for Success

Comment

341

Signatures