KOLEKTIF DYASPORA AYISYEN 0

Ayisyen toupatou sou latè, an nou siyen petisyon sa a pou nou mande Leta ayisyen kanpe sou $1.50 lan jouskaske limyè fèt sou kòb la.

25 people have signed this petition. Add your name now!
KOLEKTIF DYASPORA AYISYEN 0 Comments
25 people have signed. Add your voice!
1%
Maxine K. signed just now
Adam B. signed just now

Nan kòmansman manda prezidan Joseph Michel Martelly a li te pran yon dekrè kote ekip li an te deside pran $1,50 sou chak transfè moun ki nan dyaspora a ap fè. N ap souliye se te yon bon lide pou te rann fon nasyonal edikasyon an (FNE) pi operasyonèl. Objektif fon sa a se te kontribiye nan efò k ap fèt pou tout moun alawonnbadè jwenn edikasyon nan peyi a.

Se konsa, nan mitan ane 2011 lan Leta te kòmanse pran frè $1,50 lan sou chak transfè. Nan objektif ki te fikse pou kòb la dyaspora a pa santi gen anyen ki regle ak lajan sa a nan sistèm edikatif la. Tout problèm depi lontan yo toujou la sinon pi grav :

1) elèv ap manifeste chak ane pou pwofesè yo pa jwenn paske yo pa touche.

2) toujou pa genyen ase lekòl nasyonal nan seksyon kominal yo pou pitit peyizan yo.

3) inivèsite ak lekòl Leta yo toujou gen menm problèm yo.

Nan sans sa a, li enpòtan anpil anpil pou nou fè yon sèl epi mete vwa nou ansanm pou mande Leta peyi nou kanpe sou $1,50 l ap pran sou dyaspora a jouskaske limyè fèt sou itilizasyon lajan an.

Share for Success

Comment

25

Signatures