Yon aksyon pou 3 lane ki rete prezidan Martelly yo pa gaspiye!

Konpatriyòt,
9 me, 14 me, 18 me 2013 montre klè, sitirasyon lanmidon tounen, sigarèt mouye limen nan de (2) pwent n ap viv nan peyi Ayit jounen Jodi a, nou panko prèt pou soti ladann si sitwayen yo pa mete bouch nan koze a. Nou dwe fè remake, yon moun ki pa nan pati pri pa ka di se Prezidan Martelly senpman ki responsab!
Nan sans sa a, olye li pèdi tan ap chache responsab pwoblèm yo, sitwayen Abel CLERVIL pito fouye pou l jwenn pa ki mwayen ak kilès ki ka pote solisyon. Yon mannyè, pou espetak nou viv nan dat 18 me 2013  la ki make 210 lane nesans pèp ayisyen nan vil  “Arcahaie” a pa dwe janm repete ankò!
Nan fouye chache, Clervil fè konprann, fòk tout moun rekonèt, pa gen okenn jan pou sigarèt la fimen. Fòse fimen l se fè peyi a pèdi yon twa lane anplis. Nan lane pase yo, pa bliye nou te konnen anpil nan reyalite sa a. Men okenn nan solisyon nou te eseye yo pa rive mache.
Clervil mande nou, an nou fwa sa a, eseye yon solisyon nou poko janm eseye. Solisyon an pa lòt, yon petisyon ke atik  29 konstitisyon 29 mas 1987 ban nou kòm zouti pou ekzèse dwa sitwayen nou.
Konsa, nan memwa Aubelin Jolicoeur ak Défilé LAFOLLE, nan lone respè Martin Luther King Jr, pou diyite tout nwa ak tout moun k ap soufri sou late, ayiti prezante yon tè lespwa pou yo, Abel Clervil, fondatè “AYITI 2104”, nan non pèsonèl li, lanse petisyon sa a pou voye bay prezidan repiblik la, Son ekselans M.J Martelly, de (2) ansyen prezidan yo, J-C Duvalier ak J-B Aristide epi pati politik yo.
Si l rive pou piti di mil (10.000) sitwayen siyen petisyon sa a anvan 14 dawout, n ap voye l bay pwotektè sitwayen an (atik 207, 207-2) pou P-S la fè konsène yo rive jwenn li. Konsène yo genyen dat sila yo pou ekzekite petisyon an: 14 dawout, 22 sektam, 17 oktòb, 7 novam, 18 novam, 1er janvye 2014 se dènye okazyon an.
Sitwayen dekwaze bra nou, ekzèse dwa nou, siyen petisyon sa a. Se youn nan fason pou nou fòse responsab yo rezoud yon pwoblèm ke solisyon l la depi 27 lane: se Konstitisyon 29 Mas 1987 la!
Nou rate sis (6) bisantnè nou! Nou pa dwe rate 50ème anivèsè “I HAVE A DREAM” Martin Luther King Jr la k ap vini 28 dawout 2013” la.
Petisyon pou 3 lanne ki rete Prezidan Martlly yo pa gaspiye pou bon Tan.

I).-  Prezidan Martelly

Wap soti gran, si w  bay tèt ou yon objektif prezidan pwovizwa pou rès twa (3) lane ou rete sou pouvwa a. Pa pèdi tan w nan rekipere J-C D. men m kant ou ta dwe l sa. Istorikman antre nan mitan Baby Doc ak Titid se rann labou a pi matchak. Men sa w pwal fè pou nou Prezidan, si w vle chajman nan peiy a tout bon vre:
1.- Anonse ou kraze pati politik tèt kale a
2.- Annile amandman Konstitisyon 29 Mas 1987 la
3.- Kraze CSPJ
4.- Kraze CEP
5.- Kanpe lwa sou pati politik yo
6.- Envite tout pati politik rankontre avè w nan dat tankwè 22 jen, 14 dawout. 22 sektam, 7 novan, 18 novam, 1er janvye 2014 se dènye a.
7.- Sèt di sèten! Envite Jeneral Raoul Cédras ak Emmanuel Constant (Toto) rantre nan peyi a anvan 18 novam.
8.- Fè antèman senbolik Roger Lafontant ak  Sylvio Claude, Antoine ak Georges Izméry, Jean-Marie Vincent ak Guy Malary plis tout ti malere inonsan ki mouri nan ekzaksyon “FRAPH” ke Fondatè l te peye Sekretè Jeneral li 700 dola US lemwa ak benediksyon yon jounalis ki t ap anime tou lèswa refren "ti moris"!

II).- Ansyen Prezidan Aristid

Antant nasyonal ou mande a pap janm rive fèt, si majorite nasyonal la pa inifye anvan: yon bout nan men w , yon bout nan men Jean-Claude Duvalier. Epi tou, antant la se pa sou la "faim"pou l fèt se sou Konstitisyon 29 mas la!
Genyen yon verite ki klè fòk nou di l: "Si apre 27 lane, pou sa ki di, ki ekri, ki devwale, ou menm ak Jean-Claude pa rive rekonèt nou se pitit de (2) manman yon sèl papa, desandan liye Boukman, Moïse Louverture ak J-J Dessalines, lekòl Ayiti gen yon pwoblèm serye ki merite chanje ak tout yon nich rat ki merite derasinen" Car François Duvalier n’ était pas contre Dessalines;  il voulait tout simplement rendre justice aux enfants de Boukman (14 aout 1791) victimes de Boyer (CODE RURAL 1826)
Frè nou Aristid, fè sa pou nou:
1.- Pwopoze Jean-Claude Duvalier yon tit onorifik nan Inivèsite “Tabarre” la
2.- Envite Jean-Claude vin monte drapo avè w a 8 è nan maten nan inivèsite “Tabarre” la, avèk asistans etidyan prive kou piblik nan pòtoprens epi delege etidyan k ap soti toupatou nan peyi a .

III).- Pati politik.

En Haïti, aujourd’hui, il n’y a pas un pouvoir à prendre mais bien un pays à reconquérir!
1.-  Pati yo dwe chita ansanm antann yo pou yo pa voye plis pase 2 a 3 kandida nan eleksyon prezidansyèl
2.- Siyen yon pakt “gouvènabilite” pou pati politik ki genyen prezidans la fòme yon gouvèlman de “ cohabitation” pou aplikasyon konstitisyon 1987 la . Toutotan sa pa fèt, pa gen anyen pati politik yo ka avanse pou jistifye yo pral nan eleksyon
3.-  Ak yon manda byen defini, pati politik yo dwe ekzije ekzekitif la, pou nan chak depatman tout lekòl segondè, lise kou prive, chita ansanm pou chwazi nan chak depatman yon direktè pou fòme konsèy elektoral tranzisyon an. Dis (10) direktè sa yo ap chwazi nan mitan yo, yon direktè jeneral pou konsèy tranzisyon an.
Viv Martelly, Viv Jean-Claude Duvalier, Viv Jean-Berthrand Aristide!
Viv Pati politik!

Viv 29 mas 1987! Viv 18 me 1803 pi solid ke jamè!

Links


Discussion

No comments yet.

join the discussion

Recent signatures

  • username

    sadrac valentinUnited States

    8 months ago
  • username

    wfsejdUnited States

    10 months ago
  • username

    akktjcuxvcItaly

    10 months ago
See more

Petition highlights

There are no highlights yet.